
Nan kontinyasyon Kanpay Sansibilizasyon sou Idantifikasyon Kat SIM yo, yon delegasyon CONATEL ak DIGICEL te ale nan Nò, sitou Okap...
Nan kontinyasyon Kanpay Sansibilizasyon sou Idantifikasyon Kat SIM yo, yon delegasyon CONATEL ak DIGICEL te ale nan Nò, sitou Okap, pou rankontre notab depatman sa a. Reprezantan diferan antite administrasyon piblik la, sektè relijye a ak laprès te reponn randevou a chalerezman. Yon sèl objektif : sansibilize yo e mobilize yo otou Pwojè nasyonal idantifikasyon kat SIM yo.
Pou kòmanse deba a, Msye Rose Nesmy Saint Louis, Konsiltan CONATEL, te fè yon bèl mizanplas kontèks pwojè idantifikasyon kat SIM yo.
Pou pati pa l, Msye Joseph Roberto Morose, Direktè Rezo ak Sèvis CONATEL, te fè yon bèl prezantasyon sou Desizyon Regleman ki gen rapò ak pwojè a.
Pou pati pa l, Msye Renaud Bélizaire, teknisyen ki reprezante DIGICEL, te prezante aplikasyon DICUREG ki pral sèvi pou idantifye moun ki ka vin achte yo.
Apre tout prezantasyon yo, nan yon deba entèaktif, plizyè manm asistans lan te poze kesyon. Yo ale satisfè, e yo pwomèt pou yo fè pwòp kanpay kominikasyon pa yo atravè depatman an.
Delegasyon an te ale tou nan diferan lekòl nan vil Kristòf la : Kolèj Notre-Dame, Lise Philippe Guerrier ak Lise Duty Boukman pou sansibilize elèv yo.
Kanpay sansibilizasyon sa a vize dis depatman peyi a. Apre Okap, li pral fè wout Jakmèl nan depatman Sidès.

