Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Formation sur le SMS 4DC, un logiciel de gestion de fréquence développé par l'UIT

Direksyon Resous Ra Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize yon seminè senk jou, soti 9 rive 13 septanm 2013, pou diferan kad CONATEL ki konsène pa jesyon frekans, kontwòl spèk ak pwogramasyon enfòmatik.

Direksyon Resous Ra Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize yon seminè senk jou, soti 9 rive 13 septanm 2013, pou diferan kad CONATEL ki konsène pa jesyon frekans, kontwòl spèk ak pwogramasyon enfòmatik. Patisipan yo te benefisye konesans yon espesyalis nan domèn nan, Msye Thomas Clevelan, reprezantan UIT pou Karayib la.

Nan seminè fòmasyon sa a, yo te diskite plizyè tèm : Estrikti baz done a, Jesyon lisans, Kalkil jeneral, Pwen a Pwen, Zòn pwopagasyon, Atribisyon, Brouyaj, Akò kowòdinasyon.

Objektif final seminè a se pi byen ekipe kad sa yo pou yo bay kliyan yo pi bon sèvis.