Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Evaluation de la résilience des réseaux et infrastructures de télécommunications en Haïti

Ansanm ak Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), Konsèy Nasyonal Telekominikasyon CONATEL te òganize yon atelye sou evalyasyon rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon an Ayiti

Ansanm ak Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), Konsèy Nasyonal Telekominikasyon CONATEL te òganize yon atelye sou evalyasyon rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon an Ayiti

Apre domaj sektè telekominikasyon an te sibi apre dènye tranblemanntè an Ayiti, Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT), ak akò Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), te kòmande yon evalyasyon rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon nan peyi a. Pou pataje rezilta etid teknik sa a ak pati ki konsène nan sektè a, de enstitisyon yo te òganize yon atelye restitisyon 10 out 2023, nan otèl Montana.

Lè l pran lapawòl nan ouvèti atelye restitisyon sa a sou rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon nan peyi a, Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, enjenyè Rosemond PRADEL, espere sektè Telekominikasyon an pral sèvi ak evalyasyon sa a byen.

Ekspè an Telekominikasyon, enjenyè Gregory Domond, konseye teknik nan CONATEL, yo te konfye etid teknik sa a, prezante rezilta yo devan pati ki konsène nan sektè telekominikasyon an Ayiti ak plizyè reprezantan UIT ki t ap patisipe pa videyo-konferans. Pandan entèvansyon l, Enj. Domond prezante eleman sa yo : Evalyasyon domaj sou rezo ak enfrastrikti telekominikasyon yo, evalyasyon plan retablisman rezo yo, nivo rezilyans kounye a, kote telekominikasyon ijans yo ye kounye a. Tout evalyasyon yo akonpaye ak rekòmandasyon ki pètinan.

Kounye a, moun ki te kòmande etid la, UIT, ap travay sou edisyon dokiman final la, ke l pral bay gratis pati ki konsène nan sektè telekominikasyon an e tou Leta Ayisyen, ki pral oblije defini politik rezilyans ak plan relans rezo telekominikasyon yo nan peyi a apre yon katastwòf.

Konsa, pou mete an plas yon vrè politik telekominikasyon ijans, Direktè Jeneral CONATEL la, Enj. Joses JEAN BAPTISTE, anonse fòmasyon yon komite swivi ki pral travay ansanm ak Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, pandan l ap konsidere rekòmandasyon dokiman evalyasyon rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon UIT la.

Nan atelye sa a, plizyè aktè te patisipe pa videyo-konferans, tankou reprezantan UIT ki baze nan diferan kote nan mond lan, swa an Azi, an Ewòp, ak nan Karayib la. Sou plan nasyonal, ògàn regilasyon an, CONATEL, ministè titèl TPTC a, Operatè telekominikasyon yo, manadjè teknik eleman ekosistèm Entènèt la, lame d Ayiti ak antite sosyete sivil ki enterese nan kesyon telekominikasyon te patisipe aktivman nan atelye sa a.