Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon

« Atelye sou wòl radyodifizyon nan devlopman sosyo-ekonomik » Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize 15 jen 2016, nan Otèl Marriott.

Jodi a, nimerik la remete kontni nan sant ekonomi modèn nan. Nan nouvo peyizaj sa a k ap desine, lavni se pou moun ki pwodui e ki kontwole eksplwatasyon kontni yo. Se enjeu sa yo ki nan baz premye « Atelye sou wòl radyodifizyon nan devlopman sosyo-ekonomik » Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize 15 jen 2016, nan Otèl Marriott.

Se rasanble radyodifizè yo pou pataje, koute, deba ; pou konprann e ankouraje yon regilasyon ki pouse yo devlope yon konpòtman pwofesyonèl ki pi an amoni ak nwayo metye yo ak kad jiridik ak regleman an. Se sitou mennen yo poze kesyon sou pratik yo e apwopriye règ k ap aplike nan endistri kiltirèl yo pou yo pi byen pozisyone yo e sezi okazyon yo.