
Diskou Reprezantan UNESCO a, Msye Khadim Sylla, nan okazyon Selebrasyon Jounen Mondyal Televizyon
Msye Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an, Msye Minis Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, Madanm Minis Kilti ak Kominikasyon, Msye Prezidan Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen (ANMH), Msye Prezidan Asosyasyon Medya Endepandan Ayiti (AMIH), Chè Pwopriyetè ak Direktè medya, Chè Jounalis, Mesye dam ki pral entèvni ak panelis yo, Chè envite,
UNESCO kontan pou l asosye ak Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an nan okazyon jounen mondyal televizyon. Televizyon, tankou radyo, se yon zouti pwisan pou selebre limanite nan tout divèsite li e li se yon platfòm pou diskou demokratik.
Yo selebre Jounen mondyal televizyon chak ane 21 novanm. Asanble jeneral Nasyonzini te pwoklame l an 1996 pou ankouraje echanj mondyal pwogram televizyon ki konsantre sou lapè, sekirite ak devlopman sosyal e ekonomik. Kidonk, televizyon yo ta dwe sèvi divès kominote, ofri yo yon gran varyete pwogram, pwen de vi ak kontni. Televizyon rete yon gwo sous kote moun konsome kontni videyo. Byenke gwosè ekran yo divèsifye e moun ap kreye, pibliye, difize e konsome videyo sou entènèt ak sou diferan platfòm, kantite kay ki gen televizyon nan mond lan ap kontinye ogmante. Ane sa a, yo selebre jounen mondyal televizyon an sou tèm « Aksesibilite » e li konsantre sou angajman televizyon pou l aksesib pou tout moun. Li ta bon pou estasyon televizyon yo aksesib nenpòt ki lè, nenpòt ki kote e sou nenpòt ki aparèy, e li ta dwe aksesib tou pou tout moun, kèlkeswa kapasite vizyèl oswa oditif yo. Se poutèt sa CONATEL mete aksan jodi a sou aplikasyon reyèl migrasyon televizyon analojik la nan televizyon nimerik an Ayiti, pou pèmèt peyi a benefisye nèt anpil avantaj pasaj nan nimerik la. “Akselerasyon nimerik ak devlopman medya odyovizyèl yo” se prensipal sijè diskisyon atelye sa a ki tèlman enpòtan pou peyi a. UNESCO te patisipe nan plizyè inisyativ ki gen rapò ak televizyon nimerik, sitou an 2006, lè Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) te adopte rekòmandasyon Jenèv la, ki mande tout televizyon pase soti nan analojik al nan nimerik. Tranzisyon nan nimerik la gen gwo avantaj sou plan efikasite itilizasyon spèk frekans yo, men tou sou kalite difizyon an, sitou kalite imaj, son ak sèvis segondè yo. Men, li mennen yon gwo chanjman nan anviwònman difizyon an e li lakòz depans, pa egzanp pou achte nouvo ekipman ak pou jwenn aksè ak nouvo sistèm distribisyon difizyon.
UNESCO, nan misyon li pou favorize lib sikilasyon lide pa mo ak pa imaj, sipòte tout aksyon CONATEL pou rive nan tranzisyon sa a an Ayiti. Atelye sa a ki rasanble tout aktè yo jodi a se yon pa nan bon direksyon. Nou espere yo pral bay rekòmandasyon ki bon kalite nan fen atelye sa a, ki pral pèmèt defini estrateji pou devlopman kontni odyovizyèl ki gen rapò ak tranzisyon nimerik la. UNESCO adopte yon apwòch imanis pou teknoloji a konsevwa pou sèvi popilasyon yo e pou teknoloji nimerik yo eksplwate kòm yon byen komen pou sipòte reyalizasyon ODD 4 e bati avni komen edikasyon an pi lwen pase 2030. Anfen, Jounen mondyal televizyon an se yon okazyon pou n reyafime angajman nou bò kote CONATEL, medya yo an jeneral, pwofesyonèl odyovizyèl yo pou dwa a enfòmasyon, libète ekspresyon ak divèsite kiltirèl.
Bon atelye !

