
Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) bay yon gwo lo ekipman pou ede ranfòse Sistèm Nasyonal Kominikasyon Ijans lan,
Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) bay yon gwo lo ekipman pou ede ranfòse Sistèm Nasyonal Kominikasyon Ijans lan, gras ak efò nouvo administrasyon Conatel la. Se yon (1) transmetè HF, de (2) transmetè tri-band ak de (2) antèn YA-007 FG, tout se ekipman gwo bann ki ka transpòte ni vwa ni done gwo debi.
Direktè jeneral Conatel la, pandan l ap remèsye ajans Nasyonzini an pou solidarite ak èd li, presize premye tèminal satelit yo te bay yo te deja distribye bay otorite Leta yo ak enstitisyon piblik ki te bezwen yo. “Nouvo ekipman sa yo itil anpil pou operasyon ijans kounye a ak pou demen”, li deklare, pandan l ap fè lwanj angajman pèsonèl espesyalize Conatel la k ap travay pou enstale yo e mete yo an plas.

