Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize jedi 13 septanm 2012 yon atelye travay sou tranzisyon Televizyon analojik la nan Televizyon Nimerik nan otèl Montana sou tèm...

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te òganize jedi 13 septanm 2012 yon atelye travay sou tranzisyon Televizyon analojik la nan Televizyon Nimerik nan otèl Montana sou tèm : Enjeu tranzisyon Televizyon analojik la nan Televizyon nimerik. Plizyè aktè k ap evolye nan domèn telekominikasyon te reponn apèl CONATEL, tankou Msye Jacques Sampeur, Direktè Radio-Télé Antilles, Lucien Borges, Direktè Radio-Télé Ginen, Robert Denis ak frè Bayard AccessHaiti yo.

Direktè Jeneral CONATEL la, Msye Jean Marie Guillaume, nan entèvansyon li, raple yon premye atelye sou menm sijè a te fèt nan depatman Nò, nan kanpis inivèsite Wa Henri Christophe. Li endike tou televizyon nimerik se yon chanjman teknolojik ki enpoze l sou plan mondyal. Dapre li, nouvo teknoloji sa a pral ogmante kantite e amelyore pwodiksyon kiltirèl nasyon an. "Teknoloji nimerik la se pivo enfòmasyon ak kominikasyon nan mond lan ap vire otou l ; li nan sant ekonomi ak kilti. Konsa, CONATEL gen responsablite pou mennen sosyete ayisyen an kote li merite a, sa vle di yon Ayiti ki anbrase inovasyon teknolojik ki pwodui devlopman politik, sosyal ak ekonomik — yon Ayiti ki byen entegre nan ekonomi ak kilti mond modèn nan.

Pasaj Televizyon analojik la nan televizyon nimerik se yon egzijans Inyon entènasyonal Telekominikasyon (UIT) ki fikse dat 17 jen 2015 kòm dat limit pou fini tranzisyon sa a. Sepandan, yo pa t enpoze l bay Ayiti. "Se yon batay nou vle", Direktè Jean Marie Guillaume raple pandan l ap salye sipò gouvènman an, Ministè Travay piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), UIT ak Solidarite Frankofòn pou Nimerik (SFN) bay CONATEL. Pou Msye Guillaume, modènizasyon se, anvan tout bagay, yon chwa nasyonal se sèlman dirijan yon nasyon ki ka fè l.

Pou kounye a, Ayiti se sèl peyi nan rejyon an kote yo itilize frekans 700 Mhz yo nèt. "Kidonk, nou pa ka konvèti teknoloji nou nèt nan 4G. 4G se teknoloji ki pral pèmèt difizyon ak itilizasyon yo", DG CONATEL la eksplike asistans lan.

Dapre Ahmed Jean Boraud, reprezantan Inyon Entènasyonal Telekominikasyon an, tranzisyon soti nan analojik al nan nimerik nan sektè odyovizyèl la se yon pasaj obligatwa. "Mond lan nan epòk nouvo teknoloji, nou pa ka anpeche tèt nou adapte nou ak nouvo fason sa a pou wè mond lan", li deklare. Li ajoute : "Tranzisyon nan nimerik se yon faktè ki pral anpeche chèn televizyon ki fonksyone andeyò nòm yo miltipliye. Se yon fason tou pou anpeche diferan chèn televizyon sa yo fè piratri e pou ankouraje difizyon pwogram ki pi rich sou plan kiltirèl."

Televizyon nimerik ofri anpil avantaj, tankou yon pi gwo seri pwogram, aksè ak nouvo sèvis, ogmantasyon kapasite transpò rezo televizyon yo, amelyorasyon kalite imaj yo, pèfeksyon son an ak devlopman aplikasyon entèaktif televizyon an.

Yo te trete plizyè tèm enpòtan pandan jounen an, tankou aspè teknik tranzisyon an ansanm ak aspè legal ak regleman li, pwoblèm finansman tranzisyon an, senaryo ekonomik tranzisyon nimerik la ak inisyativ UIT sou tranzisyon nan nimerik. Kòm egzanp, yo te prezante tou eksperyans Gine ak Nijè nan domèn teknoloji nimerik. Yo te prezante yon bilan sitiyasyon ayisyen an nan fen jounen an. Patisipan yo te ale satisfè, ak yon pi bon konpreyansyon pwosesis la ak enjeu tranzisyon an.

Clément BENOIT II