
Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) kontinye pwogram li rele RepareNèt la.
Pandan l ap kontinye pwogram yo rele “RepareNèt’’ Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te lanse an out 2016 la, yon ventèn jèn nan Kafou Fèy, yon katye nan Pòtoprens, tankou kenz (15) tifi ak senk (5) tigason, te resevwa yon fòmasyon nan reparasyon telefòn 4, 5 ak 6 avril 2017.
Nan fen aktivite sa a, yo remèt chak patisipan sètifika ak bwat zouti. Pwogram sa a deja pèmèt yon total san trant (130) jèn ki soti nan divès kote nan peyi a, tankou Kafou, Tabarre, Petyonvil, Okay, Sen Lwi dinò, Matisan e anfen Kafou Fèy, benefisye fòmasyon sa a ki fèt pou reponn bezwen itilizatè telefòn selilè yo.
Benefisyè yo resevwa jès sa a ak antouzyasm e yo eksprime rekonesans yo anvè CONATEL. Pandan selebrasyon Jounen Entènasyonal Tifi nan sektè TIC yo, ki prevwa pou 27 avril k ap vini an, ap pwoche, CONATEL ankouraje tifi ki te patisipe nan fòmasyon sa a pou yo mete konesans yo aprann yo an pratik, pou yo ka kreye pwòp antrepriz pa yo pou konbat chomaj.
Pwogram nan pa kanpe la, CONATEL deja vize lòt kote ki pral ka benefisye fòmasyon sa a san reta, yon fòmasyon ki tèlman itil ni pou ranfòse ekosistèm sektè telekominikasyon an Ayiti ni pou devlopman ekonomik fanmi yo.

