Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Cinq stations de radio pirates suspendues au Nord-Ouest

Sou tèm « Plan deplwaman Televizyon Nimerik an Ayiti », CONATEL te òganize, 22 ak 23 septanm 2014 nan Hôtel Karibe Convention Center, yon atelye sou tranzisyon televizyon nimerik. Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an, ekonomis Jean Marie GUILLAUME, te deklare...

Sou tèm « Plan deplwaman Televizyon Nimerik an Ayiti », CONATEL te òganize, 22 ak 23 septanm 2014 nan Hôtel Karibe Convention Center, yon atelye sou tranzisyon televizyon nimerik. Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon an, ekonomis Jean Marie GUILLAUME, te deklare yon fason ki rasire moun Ayiti se peyi ki pi avanse nan pwosesis tranzisyon an nan tout Karayib la, ni sou plan teknik ni sou plan ekonomik.

Atelye sa a, ki gen kòm objektif prezante operatè odyovizyèl yo plan deplwaman enfrastrikti televizyon nimerik la nan peyi a, se youn nan anpil atelye CONATEL òganize depi Regilatè a te lanse pwosesis la an jiyè 2012 nan Inivèsite Wa Henri Christophe Limonad (Nò Ayiti). Yo te kominike moun ki enterese yo yon enfòmasyon enpòtan : CONATEL angaje MEINTEL, SPRIGNOLI & WALLACE (MSW), yon konpayi ameriken ki espesyalize nan domèn nan, pou akonpaye l nan etid teknik sou deplwaman televizyon nimerik tèrès an Ayiti.

Pandan de jou echanj sa yo, patisipan yo te montre yo konprann pi byen pase sa yo te panse anvan atelye a sou avni televizyon an Ayiti. Pou rasire yo, konpayi MSW te prezante plizyè senaryo e li te ilistre yo ak divès egzanp tranzisyon televizyon nimerik ki reyalize nan mond lan, sitou nan Amerik Latin. Apre sa, konpayi an te pase an revi kesyon sou pri, deplwaman enfrastrikti ak pwosesis ki dwe mennen nan fonksyònman total televizyon nimerik la.

Gras ak gwo travay MSW te fè, Direktè Jeneral CONATEL la anonse trant milyon dola pral nesesè pou enfrastrikti yo. « Natirèlman, Leta pral oblije angaje l nan finansman pwojè sa a », DG CONATEL la ensiste.

Sou kote kominikasyon, enstitisyon Regilasyon an te òganize, atravè Inite Kominikasyon ak Relasyon Piblik li, yon seri rankont sansibilizasyon ak tout operatè, notab ak etidyan nan tout gwo vil peyi a, pou mete yo okouran tout etap ki deja franchi. Kanpay kominikasyon sa a pral touche dyaspora a tou.

Tout moun konnen sosyete ki gen yon sistèm telekominikasyon modèn gen plis dinamis paske nouvo teknoloji enfòmasyon yo louvri chemen pou yon pakèt reyalizasyon inovatè san limit : pou alfabetize, pou fòme fòmatè, desantralize ansèyman inivèsitè, difize pwogram edikasyon nan sante piblik, prevni e konbat epidemi, ankouraje edikasyon sivik, mobilize enèji ki disponib otou pwojè ki gen anvègi nasyonal.