Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Célébration de la journée mondiale des télécommunications en Haïti

Pou make jounen mondyal Telekominikasyon ak Sosyete Enfòmasyon Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) te etabli a...

Pou make jounen mondyal Telekominikasyon ak Sosyete Enfòmasyon Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) te etabli a, e yo selebre ane sa a sou tèm : « Bay peyi ki mwens avanse yo (PMA) mwayen pou aji gras ak TIC yo », Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te envite tout pati ki konsène nan sektè a mèkredi 17 me 2023 nan otèl Royal Oasis.

Pandan selebrasyon sa a, ki te rasanble kad administrasyon piblik la, kad CONATEL, inivèsite a, operatè telekominikasyon yo ak pwofesyonèl sektè a, CONATEL prezante yon seri pwojè ak pwogram k ap aplike pou konkretize tèm UIT chwazi a. Pwojè ak pwogram sa yo soti nan 4 inisyativ regilatè a, sa vle di :

  • Kreye yon anviwònman ki favorab pou aktivite telekominikasyon ;
  • Devlope enfrastrikti enfòmasyon an ;
  • Ranfòse kapasite yo ; epi
  • Devlope ekonomi nimerik la

Pandan entèvansyon li, Msye Jean Marie MAIGNAN, reprezantan Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon, souliye mank ki gen pou ranpli nan kalite sèvis operatè telefoni mobil yo ak founisè aksè Entènèt yo bay ; e konsa li ankouraje demach Direktè Jeneral CONATEL la ki vize konplete migrasyon estasyon radyo ak televizyon analojik yo nan nimerik.

Direktè Jeneral CONATEL la, Enjenyè Joses JEAN BAPTISTE, reyafime detèminasyon l pou l travay pou tout popilasyon ayisyen an gen aksè ak sèvis telekominikasyon, e pou l ka benefisye avantaj Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon yo. Nan kad sa a, li pwomèt yon lòt fwa ankò akonpayman Regilatè a bay operatè telefoni mobil yo pou yo ka ogmante penetrasyon mobil ak gwo debi nan zòn ki pi lwen nan peyi a.