
Jedi 28 novanm 2024, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), ansanm ak ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), te selebre, anba gwo patwonaj UNESCO, Jounen mondyal televizyon an Ayiti. Tèm ane sa a, « Akselere nan nimerik pou sèvi edikasyon ak inovasyon pou tout moun an Ayiti », te nan sant yon atelye yo te òganize pou okazyon an sou pwosesis tranzisyon an Ayiti.
Jedi 28 novanm 2024, Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), ansanm ak ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), te selebre, anba gwo patwonaj UNESCO, Jounen mondyal televizyon an Ayiti. Tèm ane sa a, « Akselere nan nimerik pou sèvi edikasyon ak inovasyon pou tout moun an Ayiti », te nan sant yon atelye yo te òganize pou okazyon an sou pwosesis tranzisyon an Ayiti.
Msye Jean-Luc Tondreau, reprezantan UNESCO, souliye pwosesis nimerizasyon an se yon etap kle pou modènize sektè odyovizyèl la an Ayiti. Pwosesis sa a vize ofri piblik ayisyen an kontni ki pi bon kalite, ki pi aksesib e ki pi divèsifye.
Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH) ap jwe yon wòl aktif nan tranzisyon nimerik sa a. Dapre direktè teknik li, Msye Yvon Auguste, TNH deja konvèti chèn 10 li an yon chèn nimerik ki ka difize jiska 12 pwogram an menm tan. Li pale tou de patenarya estratejik ant TNH ak Inivèsite Leta Ayiti (UEH), ki favorize inovasyon ak edikasyon lè l ofri yon platfòm pou deba konstriktif sou kesyon ki enterese nasyon an. Anplis, Msye Auguste mete aksan sou patenarya ant TNH ak Bank Repiblik Ayiti (BRH) ki konsantre sou edikasyon finansye. Patenarya sa a pral pèmèt BRH eksplwate yon chèn nimerik pou edikasyon finansye popilasyon an, sa ki pral bay yon sosyete ki pi byen enfòme e ki pi responsab sou plan ekonomik.
Pou pati pa l, Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC), ki te reprezante pa direktè kominikasyon li, Msye Jean Marie Maignan, pale de anpil defi sektè televizyon an ap fè fas an Ayiti, tankou :
- Sispansyon aktivite pwodiksyon kontni ;
- Fèmti anpil estasyon televizyon akoz konjonkti politik ak sosyo-ekonomik ki la kounye a ;
- Enposiblite pou elaji aksè a pou tout moun e amelyore enfrastrikti difizyon yo ; epi
- Difikilte pou adapte televizyon an ak nouvo teknoloji nimerik yo.
Malgre obstak sa yo, MTPTC reyafime volonte l pou akonpaye pati ki konsène yo nan mete an plas yon televizyon ki bon kalite, ki konsantre sou edikasyon e ki sèvi kòm zouti pou ankouraje pwodiktivite ekonomik nasyonal la.
Direktè Jeneral CONATEL la, Enj. Joses Jean-Baptiste, presize pou pati pa l tèm jounen sa a mete aksan sou tranzisyon televizyon analojik la nan nimerik kòm yon levye kle pou edikasyon ak inovasyon. Tranzisyon sa a se youn nan gwo priyorite ajanda CONATEL.
Li anonse tou, avèk satisfaksyon, siyati yon pwotokòl dakò talè pou mete an plas de platfòm nimerik pa operatè telefoni mobil yo ak difizè televizyon yo nan Pòtoprens, k ap opere nan bann 700 megaèz (700 MHz). Yon kaye chaj pral defini kondisyon teknik pou platfòm sa yo fonksyone. Dapre Enj. Jean-Baptiste, siyati pwotokòl dakò sa yo pral make yon vire desizif nan direksyon fen televizyon analojik an Ayiti.

