Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) raple yo pral pran sanksyon kont moun ki pa respekte egzijans legal pou idantifikasyon Kat SIM yo.

Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) raple yo pral pran sanksyon kont moun ki pa respekte egzijans legal pou idantifikasyon Kat SIM yo.

Depi 1ye Oktòb 2012, moun k ap vann kat SIM yo dwe egzije tout achtè youn nan pyès sa yo : "Paspò, Lisans pou Kondi, oswa Kat Idantifikasyon Nasyonal, ansanm ak adrès yo". Etranje yo dwe prezante Paspò yo pandan y ap bay adrès yo nan peyi orijin yo. Sepandan, yon achtè ki pa gen okenn pyès idantite ka vini ak yon moun ki gen youn nan pyès nou site yo. Okenn achtè pa ka achte dis (10) kat SIM an yon sèl fwa. Menm jan an, okenn operatè pa ka vann yon revandè plis pase swasant (60) kat SIM an menm tan.

Tout achtè ki gen yon kat SIM e ki refize anrejistre ap wè kat SIM li bloke .

Yo pran tout dispozisyon sa yo pou sekirite kliyan an, e nan enterè piblik la an jeneral.