Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Droit de réponse de Monsieur Jean Marie GUILLAUME par l’organe de ses avocats

Se nan yon atmosfè chalere Conatel te inogire, lendi 23 desanm 2013, yon laboratwa enfòmatik nan lise nasyonal Ansapit.

Se nan yon atmosfè chalere Conatel te inogire, lendi 23 desanm 2013, yon laboratwa enfòmatik nan lise nasyonal Ansapit.

Seremoni an te fèt devan Ajan egzekitif pwovizwa a, Guilène Daphnis, Depite Patrick Robasson, Direktè lise a, kèk dizèn elèv ak paran ki te vin salye reyalizasyon enpòtan sa a. « Nou kontan resevwa sal enfòmatik sa a nan Ansapit. Se yon bagay nou t ap tann ak enpasyans. E nan non ajan minisipalite a, mwen salye dinamis Msye Jean Marie Guillaume, direktè Conatel, pou konkretizasyon pwojè ki tèlman enpòtan sa a nan zòn nan », majistra a deklare.

Dapre konstatasyon teknisyen yo, komin Ansapit merite yon atansyon espesyal. Kòm se yon komin ki lwen anpil, elèv yo te oblije ale nan Repiblik vwazen an pou yo ka fè rechèch sou entènèt. Ak sal enfòmatik sa a a dispozisyon yo, yo pral ka ogmante pèfòmans yo. Pou direktè lise a, Nolascot Hones, inogirasyon laboratwa sa a se yon pa enpòtan nan devlopman zòn nan. Nou vle remèsye Direktè Jeneral Conatel la pou dinamis li, gras ak li komin Ansapit benefisye zouti teknolojik ki bon kalite ki pral pèmèt elèv nou yo pi byen dokimante yo e enfòme yo sou tout sa k ap pase atravè mond lan.

Ak 25 òdinatè ki konekte ak entènèt ak sistèm operasyon Linux, ki ni estab ni pi byen adapte pou rechèch elèv yo pral fè, laboratwa sa a pral pèmèt jèn komin Ansapit yo gen aksè ak enfòmasyon e sitou grandi.