
Akoz dènye katastwòf devastatè yo ak enpak yo sou kominote atravè mond lan, gen yon bezwen ijan pou yon preparasyon efikas pou sitiyasyon ijans ak pou wòl enpòtan konektivite nimerik ak enfrastrikti ki gen rezilyans.
Akoz dènye katastwòf devastatè yo ak enpak yo sou kominote atravè mond lan, gen yon bezwen ijan pou yon preparasyon efikas pou sitiyasyon ijans ak pou wòl enpòtan konektivite nimerik ak enfrastrikti ki gen rezilyans. Kòm Enstitisyon espesyalize Nasyonzini pou teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon (TIC), Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) angaje l bò kote administrasyon nasyonal yo pou ranfòse rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon yo.
Apre dènye tranblemanntè ki te frape Ayiti a, Biwo Devlopman Telekominikasyon (BDT) Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) te kòmande yon etid, ak akò Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), pou idantifye mank ak blokaj yo pou garanti rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon an Ayiti e pi byen prepare pou risk natirèl k ap vini yo. Etid yo fè a bay yon evalyasyon rezilyans nan nivo peyi a ak nan nivo rezo a - pou rezo fiks, mobil, difizè ak founisè aksè Entènèt -, e li fè rekòmandasyon pou ranfòse rezilyans lan pou prepare pou risk natirèl ki ka rive.
Pou pataje evalyasyon rezilyans lan ak rekòmandasyon yo, e bay okazyon pou yon aplikasyon efikas, Biwo Devlopman Telekominikasyon (BDT) Inyon Entènasyonal Telekominikasyon (UIT) ak Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) ap òganize yon atelye restitisyon. Pandan evènman sa a ki dedye a prezantasyon nivo rezilyans rezo ak enfrastrikti telekominikasyon an Ayiti, Reprezantan BDT yo, CONATEL ak ekspè yo te rekrite pou fè etid la pral entèvni sou tèm sa a e diskite ak pati ki konsène yo sou estrateji pou adopte pou aplike rekòmandasyon rapò final la.
Atelye nasyonal sou evalyasyon rezilyans rezo ak enfrastrikti an Ayiti a pral fèt nan otèl Montana 10 out 2023 soti 10è rive 1è, e l ap rasanble tout pati ki konsène nan sektè telekominikasyon an.
Pou nenpòt kesyon oswa plis enfòmasyon, tanpri kontakte Msye Gregory Domond (Telefòn : 3415 4040/ 4253 6060, imèl : gregory.domond@conatel.gouv.ht).

