
Nan kad pwogram yo rele “RepareNèt" Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te lanse a, yon ventèn jèn nan Matisan...
Nan kad pwogram yo rele “RepareNèt" Ògàn Egzekitif Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL) te lanse a, yon ventèn jèn nan Matisan, tankou sis (6) tifi ak katòz (14) tigason, te resevwa yon fòmasyon nan reparasyon telefòn 24 ak 25 mas ki sot pase yo. Nan fen aktivite sa a, yo te remèt chak patisipan sètifika ak bwat zouti.
Depi lansman pwogram sa a an Out 2016 rive jodi a, san trant (130) jèn nan komin Kafou, Tabarre, Petyonvil, Okay, Sen Lwi dinò ak Pòtoprens (Matisan) te resevwa fòmasyon sa a ki fèt pou reponn bezwen itilizatè telefòn selilè yo.
Dapre Direktè Jeneral CONATEL la, Msye Jean Marie ALTEMA, pwojè sa a vize ranpli mank teknisyen kalifye pou repare plis pase 6 milyon telefòn selilè, tankou 1.2 milyon telefòn entelijan, k ap itilize nan peyi a, e ofri jèn diferan komin yo okazyon pou konbat chomaj. Kèk nan benefisyè yo deja lanse pwòp antrepriz pa yo e y ap bay popilasyon komin yo sèvis.
CONATEL deja vize lòt komin ki pral benefisye talè pwogram sa a ki tèlman itil ni pou ranfòse ekosistèm sektè telekominikasyon an Ayiti ni pou devlopman ekonomik fanmi yo.

