Ale dirèkteman nan kontni an
CONATELKonsèy Nasyonal Telekominikasyon
Discours du Représentant de l'UNESCO Monsieur Khadim Sylla

Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, anonse pwojè pou ogmante aksè kolektivite teritoryal yo ak Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon.

Direktè Jeneral Konsèy Nasyonal Telekominikasyon (CONATEL), Msye Jean Marie Guillaume, anonse pwojè pou ogmante aksè kolektivite teritoryal yo ak Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon. Sa pral posib gras ak etablisman yon Fon Aksè Inivèsèl (FAU). Chak operatè pral alimante l nan nivo 2%, e Leta Ayisyen pral bay pi gwo pati a. Yon fon konsa pral pèmèt zòn ki pi lwen nan peyi a benefisye sèvis inivèsèl, tankou 4G, VOIP, elatriye. Konsa tou, CONATEL pral gen posiblite pou l ofri jenès riral peyi a laboratwa teknolojik.

Msye Guillaume pwofite antèn Radyo Magik 9 pou l anonse lansman ofisyèl, mèkredi 30 Janvye 2013, youn nan pwojè ki pi chè pou li pou ane sa a : pòtabilite nimewo telefòn. "Anyen p ap anpeche yon kliyan chanje operatè ankò si li pa satisfè sèvis li", Direktè a deklare, pandan l ap presize kanmenm se pa wòl regilatè a pou l oryante chwa konsomatè yo. "Se yon aksyon endividyèl", li ajoute. Li ankouraje konsomatè yo tou pou yo rasanble an asosyasyon pou defann enterè yo dapre lalwa, pandan l ap espere, nan ane k ap vini yo, tout kliyan yo pral santi yo byen sèvi. Konsènan pwojè kad jiridik ak regleman sektè Telekominikasyon an, devan egzijans teknolojik lè a, Msye Guillaume di li konsyan lwa 1977 la ki regle sektè a demode. Se poutèt sa CONATEL voye, depi desanm 2012, yon nouvo lwa bay Ministè titèl li, Ministè Travay Piblik, Transpò, Kominikasyon ak Enèji, ki li menm soumèt li bay Palman Ayisyen an pou swivi.

Direktè Jeneral la ajoute, apre yon kesyon Msye Frantz Duval, Redaktè an Chèf jounal ayisyen Le Nouvelliste e Direktè Jeneral Magik 9, enstitisyon an deja ranmase plis pase 41 milyon dola pou Trezò Piblik la pou sipòte Pwogram Scolarisation Universelle Gratuite Obligatoire (PSUGO). Tout montan sa a voye jan sa te prevwa nan Ministè Finans. CONATEL pa retire anyen ladan l pou reyalize pwojè l yo, byenke yo te endike CONATEL te ka pran 25% pou reyalize kèk pwojè ki gen rapò ak pwomosyon Teknoloji Enfòmasyon ak Kominikasyon (TIC) yo nan peyi a.

Msye Guillaume angaje l pou travay men nan men ak tout moun, sitou Palman an, pou fè Lwa sou telekominikasyon sa a tounen yon reyalite, pou devlopman sosyete enfòmasyon an Ayiti.